Lieu de travail

Port-au-Prince (Haiti)
Montréal, Québec (Canada)
Floride (USA)

Téléphones

+509 4890 3795
+1 514 970 3795

Fason nou aprann timoun nou yo « eksprime » yo lè y ap pale franse, tradui jan nou se yon pèp sipèfisyèl.

Nou fòse timoun nan vire bouch li pou li pwononse franse a, san nou pa mete menm enèji a nan « kontni » timoun nan ap repete.

Pandan y ap grandi, yo pa aprann reflechi, yo aprann repete, veye lapsis, yo panse pale franse vle di konesans oswa entèlijans.

Nou kapab pa fè lyen pratik sa yo genyen sou nou, ak sou peyi a. Men se timoun sa yo lè yo gran (kòm yo pase lekòl), nou panse ki konpetan, oswa kalifye.

Jodia, nou vin tèlman sipèfisyèl, nou pa devlope espri kritik pou nou jenere lide, konstwi diskou pou fasone egzistans nou.

Rezilta:

  • Nan figi nou la a, blan ap deside pou nou tout
  • Nou te fokis sou « voye ale » san nou pa te prepare « aprè » a (nou pa aprann antisipe)
  • Nou toujou nan ijans (nou pa kwè nan planifye)
  • Kòm nou pa te janm ka fè deba kontradiktwa, nou pa ka antann nou sou anyen
  • Nou vin etranje a tout egzèsis refleksyon, nou panse moun ki pa gen menm vizyon ak nou se ènmi nou
  • Sila nan nou ki ale lekòl [kay blan] san yo pa konsyan pouvwa sistèm ki konstwi yo a, pa ka itilize konesans yo te pran, paske yo sèlman ka repete sa to di yo (se pou sa gen anpil moun ak Metriz, Ph.D nan Leta, men ki pa gen pouvwa pou chanje anyen)

Jodia, se yon erè si nou panse nou kapab rezoud plizyè deseni fòmataj nan yon sèl jou.

Ann nou retounen nan rasin pwoblèm yo. N ap pi byen konnen ki jan pou n chèche solisyon yo.