• Accueil
  • Le Manifeste
  • La Fabrique
  • Les Éditions
  • L’Académie
Commençons un projet
HomeHumanités Pa fè 10 erè sa yo lè nou emigre nan peyi etranje

Pa fè 10 erè sa yo lè nou emigre nan peyi etranje

Max Guybert on 20 mars 2024
Humanités
4 Min Read

Depi apre ane 70 yo, nou kapab di se pandan twa dènye ane sa yo (2021-2024), gen plis Ayisyen ki ale viv nan peyi etranje, tankou: Meksik, Chili, Sendomeng, Etazini, Kanada. Men, mwen remake gen kèk atitid ki repete souvan, epi ki kapab gen konsekans sou entegrasyon nou nan nouvo peyi sa yo. Mwen idantifye epi pataje dis ladan yo.

10. Pa fè nouvèl lokal

Sa rive souvan nou chwazi rete konekte avèk Ayiti sèlman, nan Whatsapp, nan gwoup prive oswa gwoup enfòmasyon. Poutan, li enpòtan anpil pou nou konnen reyalite nouvo anviwònman nou an.

9. Pa chèche konprann fonksyonman sistèm peyi a

Premye sa mwen te fè lè mwen vini etidye Kanada, mwen gade anpil videyo sou sistèm Federal la, kijan pwovens yo òganize, ki jan pouvwa jere nan tout nivo, rive nan komin yo. Li enpòtan tou pou nou li lwa yo, règleman yo epi fè tout pwosedi administratif ki nesesè.

8. Plis tande eksperyans ak konsèy lòt moun

Chak eksperyans imigrasyon inik. Pakou pa mwen pa oblije pakou pa w. Menm si li enpòtan pou nou pran konsèy, men sonje nan anpil peyi, tout enfòmasyon yo disponib. Depi w ka li, ou kapab ale sou entènèt, ou pa oblije idantifye w nan istwa yon lòt. Ou ka sezi wè ou te kapab pi lwen.

7. Priyorize travay sou lekòl

Gen yon tandans ki fè kwè depi w nan peyi etranje, kòm migran, se travay pou ou ale travay. Sa depann tou de kote ki resevwa ou a, si moun ki la se te pakou pa li, l ap gen tandans enpoze w sa. Men, tout eksperyans montre moun ki fè sakrifis ale lekòl lè yo fenk rive, gen plis chans reyisi pi byen. Men si se yon fòmasyon teknik, ki pa long, pa neglije envesti nan tèt ou.

6. Neglije sante mantal ou

Anpil nan nou deplase pou chèche lavi miyò. Men, apre kèk mwa, nou plenyen paske nou travay anpil. Nou nan yon nouvo rejim, se nòmal. Men toujou planifye tanzantan, ak kèk zanmi, fanmi, lòt etranje… pou nou pase yon ti tan ansanm. L ap bon pou sante nou.

5. Mal konprann sistèm kredi a

Se yon tantasyon ki vini nan peyi ki chita sou sistèm kredi. Paske mwayen an disponib pa vle di pou itilize l san kontwòl. Ou pa ta sipoze itilize plis pase 35% nan limit kredi w. Epi, menm lè w gen kredi, pa depanse pase sa ou rantre. Sa mande anpil disiplin. Limite fason n ap viv ak depans yo ap ede nou grandi pi byen nan sistèm nan.

4. Limite objektif ou

Paske ou vini kòm migran pa vle di ou oblije mouri pòv. Gade n ap wè anpil moun ki vin gen gwo biznis, ki vin gwo syantifik, gwo dirijan nan peyi oksidantal yo, se pitit migran, oswa moun ki te migran. Sa vle di, depi w mete pye w nan peyi sa yo, limit ou se tèt ou ankò.

3. Pa envesti nan peyi a

Malerezman, kominote nwa yo pa gen pratik envesti, nou plis kwè nan depanse pou montre stati sosyal nou: achte gwo mak machin, rete nan gwo kay. Men pou nou kenbe vi sa a, nou oblije travay san pran souf epi peye dèt san rete paske nou pa gen lajan k ap travay pou nou. Pran egzanp juif yo, lòt nasyon yo n ap konprann dinamik la…

2. Alimante menm diskou yo

Nou pa kapab fè tout tan ap pale de menm bagay yo: pwoblèm lajan, bil, kay, papye, rezidans… Manyen chanje diskou, pale de pwojè, envestisman, pale sou objektif pou 5-10 lane, ki sa nou vle fè. Frekante moun ki pataje vizyon, rete lwen moun k ap bouyi zen, fè tripotay, k ap anpeche nou avanse.

1. Izolasyon sosyal

Menm lè nou di “ansanm nou fò”, se pa enpresyon sa mwen genyen vre. Sitou, jan mond lan ap vire la a, li plis sanble “chak koukouy, klere pou je w”. Lòt nasyon yo pa oblije ènmi nou. Chèche tabli relasyon ak lòt migran, ak moun ki nan peyi a lontan, chèche opòtinite tout kote. Frekante lòt espas. Sa ap elaji vizyon nou ak orizyon nou. Pa izole tèt nou.

Sa se kèk obsèvasyon. Gen anpil lòt. Nou pa ka jeneralize yo non plis, paske, jan mwen te di sa, chak eksperyans spesyal epi inik.

Max Guybert on 20 mars 2024 Humanités
previous article
Next article

bio.

Max Guybert Lyron

Auteur. Analyste.

Journaliste, esprit créatif, spécialiste en Relations publiques et en Sémiotique du politique. Mes travaux portent sur la compréhension du monde par les institutions, les systèmes, les médias et la quête permanente du sens. Je recherche, j'écris, je créé pour comprendre et transmettre.

  • Facebook
  • X
  • Instagram
  • LinkedIn

CHOIX DE LA RÉDACTION

Existence Pouvoir
Le déni suicidaire
Max Guybert on Jan 4, 2024
Humanités
Justice médiatique et numérique : une nouvelle ère de vigilance nécessaire
Max Guybert on Juin 30, 2023
Humanités
Désinformation : doit-on redéfinir la vérité ?
Max Guybert on Avr 5, 2021

SECTIONS

  • Argent
  • Business
  • Digital
  • Existence
  • Humanités
  • Informations
  • Pouvoir
  • Projets
  • Startups
  • Technology
  • Trends

mes activités

  • Une simulation de la COP30 à l’Université Laval7 novembre 2025
  • max-lyron-harvard
    Harvard interdite d’accueillir des étudiants étrangers22 mai 2025
  • L’association universitaire ADEAUL sensibilise à la prévention11 mai 2025

Index des sujets

Climat Conscience Démocratie Haiti Intelligence artificielle (IA) Jeunesse Médias Sociaux Numérique Santé Société Éducation

Ne manquez plus aucun article

Vous aurez régulièrement notre lettre. Aucun courriel indésirable.

Je décrypte les interactions discrètes qui font tourner notre monde et que nous subissons inévitablement au quotidien : les dynamiques de pouvoir, l‘écosystème des affaires et de la finance, les mutations de notre société et enfin notre quête de sens elle-même.

Facebook X-twitter Instagram Linkedin Youtube Threads

categories

  • Pouvoir
  • Argent
  • Identités
  • Existence
  • Informations

Comment me joindre

Basé à Ottawa, possibilité de voyager partout selon mon calendrier.

[email protected]

+1 613 317 4444

© 2026 — Tous Droits Réservés.

Back to top